Anakawona

Anakawona
Deskripsyon imaj sa a, kòmante pi ba a tou
Ànacaòna, youn nan senk (5) kasik
Nesans
Leyogàn
Lanmò
Ispanyola
Nasyonalite

Tayino

Pitit li: Anrycanao
Peyi nesans Ayiti
Konjwen
Kawonabo (kasik)



Anakawona (an fransè : Anacaona), ki fèt nan lane 1474 epi ki mouri nan lane 1503 oubyen 1504, se yon kasik nan kasika Zaragwa sou zile Ispayola nan vil kounye a Leyogàn.

Zile Ispayola te pote non Ahatti oswa Bohio nan lang tayino (gade non Zile Ayiti a).

Li te prann plas frè li, Boyekyo (an fransè : Bohechio). Men li te pann sou lòd Gouvènè panyòl Nicolás de Ovando.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Anakawona te fèt sou zile Ayiti (Alepòk ki te rele Ispanyola ki vin divize kounya Ayiti ak Repiblik Dominikèn) nan Yagwana, kapital kasika Zaragwa, komin aktyèl Leyogàn.[1]

Nan lang tayino, non li siyifi Flè ki klere kòm lò ("ana" ki vle di "flè" ak "caona", ki vle di "lò").[2] Anakawona marye ak Kawonabo, chèf kasika Magwana. Li te gen yon pitit gason ki te rele Anrycanao.

Frè li, Boyekyo, te yon chèf lokal tou. Yo te konsolide pouvwa sou tout teritwa nan lwès kasika Zaragwa an 1475.[3]

Nan mwa desanm 1492, Kristòf Kolon te rive sou zile nan wayòm Maryen an, li tap chèche yon wout dirèk nan peyi Zend. Lè li rive, Tayino yo akeyi Kristòf Kolon avèk , mayi ak lòt resous natirèl. Anakawona te fè prèv bezwen konesans, li te gen gwo admirasyon pou Panyòl ki te trè avanse ak ki posede konesans ki te nouvo. Nan lane 1493, kouwòn Panyòl la te etabli koloni pou ekstrè mineral sa yo. Panyòl yo te fè tounen esklav Tayino yo pou satisfè bezwen kouwòn Panyòl la.[2]

Apre lanmò frè li Boyekyo nan lane 1500, Anakawona te gouvène kasika a Zaragwa jiskaske ekzekisyon li.[4]

Arestasyon ak lanmò

[modifye | modifye kòd]
Anakawona
Masak Rèn Anakawona ak moun li yo. Gravi pwobableman fèt pa Joos van Winghe, pibliye an 1598 nan Brevísima relación de la destrucción de las Indias de Bartolomé de las Casas. Espayòl yo boule yon batiman plen Amerendyen ; Anakawona, fanm nòb amerendyèn pandye nan yon pye bwa. Dèyè, Panyòl pouswiv natif natal yo sou cheval. Apre yon resepsyon ki selebre rive gouvènè Ispanyola, Nicolás de Ovando, lantouraj Rèn Anacaona boule vivan. Nan deferans pou ran li, yo te pann li.

Nan sezon otòn 1503, gouvènè Nicolas Ovando ak gwoup 300 moun li te ale nan pye Zaragwa. Yo resevwa yo nan yon seremoni pa Anacaona, nòb li yo, ak plizyè lidè Tayino.

Pandan ke Tayino yo prezante resepsyon an kòm yon jès akeyi, Panyòl yo prezan entèprete li kòm yon detounman ki vize pou bloke yo.

Twoup Ovando a panse Anakawona ak chèf yo ap planifye yon revòlt. Ovando òganize yon jan de jwèt yo rele jwèt kann pou atire kiryozite kasik yo, li pwofite ke yo rasanble la pou bay Panyòl yo siyal pou yo sezi yo epi mare yo.

Kasik yo boule nan yon joupa, pandan ke lòt Tayino yo touye deyò. Lè atò Kristòf Kolon tounen nan mwa novanm nan lane 1493, li jwenn La Navidad kraze ak tout ekip li a sibi zak sasinay, sa ki te vin mete Kristòf Kolon an kolè. Yo arete Anakawona, yo transfere li Sendomeng epi yo pann li twa (3) mwa apre.

Enfliyans

[modifye | modifye kòd]

Anakawona se yon powèt ak konpozitris tou, e pakonsekan li komemore nan atizay ak literati kontanporen atravè Karayib la. Yon estati komemore li nan Leyogàn (Ayiti). Ti gason li te distenge tèt li, ak entelijans li ak talan li pou pwezi; li te kòmanse aprann anpil powèm pa kè ak li te resite yo lè te genyen fèt relijyèz (areitos nan lang panyòl), douvan lòt endijèn.

Literati

[modifye | modifye kòd]

Se ekriven Paula Anacoana ki ekri istwa lavi li sou fòm fiksyon, nan liv ki rele 1492, Anacacoana l'insurgée des Caraïbes, pibliye an 2019, edisyon Anacoana.


Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. (angle) en Michael R.Hall (2012). Scarecrow Press, ed. Historical Dictionary of Haiti. Lanham (Ma.). p. 295. ISBN 978-0-8108-7810-5. Retrieved 9 novanm 2020. 
  2. 2,0 et 2,1 (angle) en Franklin W.Knight; Henry Louis Gates (1 janvye 2016). Oxford University Press, ed. Dictionary of Caribbean and Afro–Latin American Biography. ISBN 978-0-19-993579-6. Retrieved 9 novanm 2020. 
  3. (angle) en Manuel de Jesús Galván (2015). « A novel look at the environment of marriage in the first colony ». tandfonline.com. Retrieved 9 novanm 2020. 
  4. (angle) en Bartolomé de las Casas (2011). EMPIRE BOOKS, ed. A Short Account of the Destruction of the Indies. p. 92. ISBN 978-1-61949-146-5. Retrieved 9 novanm 2020. 

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]