Derek Bickerton | |
---|---|
Fonksyon | lengwis, kreyolis, ekriven |
Nesans | Cheshire, Angletè |
Lanmò | (ak 91 ane) |
Nasyonalite | ameriken |
Domèn | lengwistik, kreyolistik, literati |
modifye - modifye kòd - gade Wikidata | |
Derrick Bickerton, ki fèt 25 mas 1926 nan Cheshire nan Angletè (Wayòm Ini) epi ki mouri 5 mas 2018 [1] ), se yon lengwis ak pwofesè nan Inivèsite Awayi nan Onoloulou. Li te etidye kreyòl nan Giyana ak Awayi, e li te konkli ke pwosesis kreyolizasyon an ka ede konprann ni akizisyon lang nan timoun ak evolisyon kapasite langaj nan moun.
An 1949, Derek Bickerton te jwenn yon diplòm nan Inivèsite Cambridge, Angletè. Li te antre nan lavi akademik nan ane 1960 yo, an premye kòm yon konferansye nan literati nan lang angle nan Inivèsite Cape Coast, Gana. Answit, apre yon ane nan travay etidyan nan lengwistik nan Inivèsite Leeds, li te konferansye nan lengwistik nan Inivèsite Gyana (1967-1971). Pandan vennkat (24) ane li te Pwofesè Asosye ak Pwofesè nan Lengwistik nan Inivèsite Awayi nan Manoa (1972-1996), pandan se tan li te jwenn yon Ph.D. nan lengwistik an 1976 nan Inivèsite Cambridge.
Li se papa atis kontanporen Ashley Bickerton. Lòt pitit li yo se Julie Bickerton Bravata ak Jim Bickerton.
Nan liv li a Roots of Language, Bickerton eseye men li nan yon teyori ki vize pou reponn twa (3) kesyon :
Nan Language and Species, li mete devan yon pwopozisyon ki ta reponn twa (3) kesyon sa yo. Ou ka jwenn orijin langaj lè w trase evolisyon sistèm reprezantatif ak panse senbolik. Modèl mantal yo te kapab evolye nan kapasite kominikatif primitif epi kontinye evolisyon yo an paralèl.
Avèk William Calvin, nan Lingua ex Machina, li revize teyori li. Yo pran an kont fondasyon biyolojik reprezantasyon senbolik ak enfliyans li sou evolisyon sèvo a.