Jean-Charles Moïse | |
Fonksyon | |
---|---|
Lidè Pitit Desalin | |
Biyografi | |
Dat nesans | |
Lye nesans | Milo |
Peyi nesans | Ayiti |
Nasyonalite | ayisyen |
modifye |
Jean-Charles Moïse (an kreyol ː Moyiz Jan Chal), ki fèt 20 avril 1967 nan komin Milo nan awondisman Akil dinò nan depatman Nò (Ayiti), se yon politisyen ayisyen. Jean-Charles Moïse se ansyen senatè depatman Nò . Pou kounye a li se lidè pati politik Pitit Desalin
Moise Jean Charles pat dakò fé pâti konsèy prezidansyèl ke karikom fome a.Men finalman li voye reprézantan l nan konsèy la.
Moïse Jean-Charles (MJC) fèt nan Milo, yon komin nan awondisman Okap, nan depatman Nò, pi presizeman nan lokalite "Baryè Batan", nan dat 20 avril 1967. Pitit peyizan, yon pitit ki renmen lapè, trè entèlijan, men timid akòz li se yon moun ki enb. Senatè Moïse Jean-Charles marye e papa 6 pitit, konnen kijan pou l kenbe ekilib ant obligasyon fanmi l ak angajman l nan batay pou yon chanjman reyèl an Ayiti.
MJC te fè etid klasik li nan Lekòl Nasyonal Milo ak nan Lise Philippe Guerrier nan vil Okap. Yo renmen li anpil nan lantouraj li. Apre etid klasik li, Moïse te antre nan kapital la (Pòtoprens) kote li te fè premye pati etid inivèsitè li nan Inivèsite Advantis Dikini, nan syans kontablite. Aprè sa, li te benefisye yon bous detid nan yon inivèsite nan peyi Kiba pandan peryòd koudeta a, nan kòmansman ane 90 yo, pou etid nan kominikasyon politik nan Centro Estudo Para América Latina. Lè li te retounen an Ayiti, jèn gason an deside mete konpetans li ak konesans li nan sèvis peyi a, sitou nan lokalite li sòti (Milo). Li mennen batay li yo ak plis estrateji gras ak konpetans li nan diplomasi, relasyon entènasyonal ak fòmasyon li toujou ap pran nan divès peyi nan Amerik Latin nan.
Jean-Charles Moïse te okipe plizyè pòs nan peyi Dayiti. Li te majistra pandan twa (3) fwa nan komin Milo. Li te genyen eleksyon senatoryal yo pandan lane 2009. Li se yon militan konsekan k ap lite nan opozisyon an depi sou gouvènman ansyen Prezidan Michel J. Martelly a.
Jean-Charles Moïse ak Jovenel Moïse malgre yo gen menm siyati men yo pa gen okenn lyen kòm fanmi. Toulede te kandida nan eleksyon ki te fèt nan peyi dayiti nan lane 2015 pou rive 2016. Sekretè Jeneral Pitit Desalin nan te youn nan favori yo[2], men se Jovenel Moïse ki te genyen eleksyon an nan dezyèm tou.
Depi sou administrasyon ansyen prezidan Michel J. Martelly, Jean-Charles Moïse toujou pran pozisyon kont fason peyi a ap dirije. Pandan ane 2022 a, li tanmen yon batay sou plizyè dosye tankou: mete sou pye yon bon Konsèy Elektoral[3] moun ka fè konfyans, li kritik bank yo anpil pou fason y ap jere lajan kliyan yo[4]. Pa rapò ak pil pwoblèm ki genyen nan peyi a, li pwopoze yon Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS) (en Français: Conseil de Transition du Peuple Souverain-CTPS[5]) pou chèche solisyon ak pwoblèm yo. Pwopozisyon sa mete gwo pawòl anpil[6] [7]nan mitan sosyete a sitou nan klas politik la. Sa te lakòz prezidan konsèy tranzisyon an, Dr Eugénia Romain[8] demisyone apre 5 jou[9] poutèt li gen nasyonalite kanadyèn. KTPS la gen nèf (9) manm[10], li gen yon manda k ap dire yon (1) lane[11]. Nan mwa mas 2024, Moïse Jean-Charles te pwopoze tabli yon Konsèy Prezidansyèl apre sipò lòt pati yo, apre kriz gang ann Ayiti.[12].