Pòtoprens se kapital nan peyi Ayiti. Li se komin ki gen plis moun. Vil la genyen 2 470 762[1] moun. Pòtoprens se chèflye depatman lwès ak awondisman Pòtoprens.
Li te gen non "Port-républicain" pandan revolisyon fransèz la. Vil la te devaste nan Tranblemanntè 12 janvye 2010[2] la, ki te gen yon mayitid 7.3 sou Echèl Richter.
Vil Pòtoprens te fonde nan lane 1749 pa yon kolon franse ki te rele Joseph Randot ki te abite nan abitasyon Randot nan Bèlè. Nan lane 1770 li te ranplase Kap Franse kite kapital koloni Sendomeng nan ki te detwi nan yon katastwòf.
Premye moun ki rete san zòn lan te rele vil la Pòtoprens akòz yon bato ki te konn vin nan pò a ki te rele "prens lan" (Le Prince, nan lang franse). Se an 1804 aprè lendepandans peyi a ke Anperè Jacques 1er te bay li ankò non Pòtoprens lan. Vil la te vin tounen kapital peyi Dayiti.
Komin Pòtoprens genyen pou gwosè 36,04 km2[3]. Potòprens gen kèk rivyè ki travèse li, tankou rivyè Batad (Bâtarde) ak ravin bwat chèn (Ravine de Bois de chaîne). Vil Pòtoprens la gen 16 ti mòn ladan li.
Daprè estimasyon IHSI (Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique) zòn Pòtoprens layite kò li sou 152,02 km2 (sa fè 1/5 nan lajè awondisman kapital la). An 2012 li te genyen 2 470 762 moun, ki plis pase 90% awondisman an. Komin lan genyen anviwon 942194 moun kap vin landan.
Seksyon Kominal | Moun kap viv nan vil la | Moun ka viv andeyò vil la | Kantite moun antou |
---|---|---|---|
Tijo | 474 702 | 3 542 | 478 244 |
Mòn Lopital | 138 746 | 13 359 | 152 105 |
Matisan | 262 530 | 4 980 | 267 510 |
Pòtoprens | 875978 | 21 881 | 897 859 |
Komin Pòtoprens gen 3 seksyon kominal ladann :