Tomonn se yon vil nan peyi Ayiti. Komin sa a se nan awondisman Ench.
Vil Tomonn soti nan yon non espanyòl«Todo El Mundo» te fonde an 1930 pandan okipasyon amerikèn nan e li rive nan ran komin nan ane 1940. Ansyen non Tomonn se Kabral ki soti nan non yon jeneral dominiken kitap viv nan zὸn nan, non sa a vin rete pou premye seksyon kominal la.Tomonn te fè pati Repiblik Dominikani egzatman vale San Thomé. Se nan lane 1874 Tomonn te sispann fè pati tèritwa Sendomeng avèk Ayiti-Sendomeng te siyen sou gouvèman Michel Domingue. Li gen yon pozisyon jerografik estratejik pandan 25 lane. François Duvalier rive nan pouvwa an 1957 se le sa Tomonn konnen premye administratè ki rele Mesye Sauveur Benjamin pwofesyon li se Apantè. Li se dènye moun yo te fè konfyans kòm administrasyon kominal pandan tout manda prezidan François Duvalier e li te nome kòm premye sekretè nan ofisye leta. Dezyèm ofisye minisipal la se Mesye Clébert Charlot, li te soti Mibalè.
Komin Tomond lan genyen 4 seksyon kominal:
Seksyon kominal se pi piti nan divizyon administrasyon dayiti a, li jere yon konsey administrasyon ki eli pou 4 lane ki se( CASEC) ki nan plizyè lokalite nan komin Tomond lan Takou: ba Tomond, Benèch,Ladora, Sèka, Savann Kajou, Jan Jilèt, Biton, Lwa masous, Dlo kare, Salmadè, Bigay, Bènako, Marekaj Boukantis, Savann long, Kay epen epi Gwayab yo se ti lokalite distans antre yo mezire 3 kilomèt.Pawas sa dirije pa yon Kire ki rele" Evek Ench". Depi 15 lane anviron Tomond se yon sikonskripsyon ki reprezante pa yon asanble nasyonal se depite Enel Apollon oubyen Mesye Apollon ki dirije l, epi li te deja depite sikonskripsyon sa a nan yon dezyèm manda sou Prezidan Renè Garcia PREVAL, avek konstriksyon wout nasyonal nimero 3 Tomond te avanse ak teknoloji sa. Touswit tantativ asasina laprès la kote ajan egzekitif enterimè Mesye Jean Souverne Delva pwente dwèt li nan lajistis, komin nan te sou titèl delegasyon depatmantal la. Men se mesye "Mathéus BERNADEAU ki t'ap jerel, li te eli nan eleksyon yo te konteste nan dat kite 25 out 2015 lan. Ministè lajistis la te reprezante pa Mèt " Maittre Wilfrid Larivière e li te Jij titilè nan tribinal la.
Komin Tomonn gen anpil fwi tankou; mango, chadèd, Zaboka, grenadye epi sitron. Yo plante tabak, Arachnid sa nou rele pistach la, kafe, mayi, banann epi kann.
Daprè analiz yo fè nan sòl la , komin Tomond rich ak anpil Idrokabi ak abrit ni gizman iranyòm e rivyè Tomond lan rich ak anpil ajil.
Akoz yo koupe anpil pyebwa plant yo pa donnen ankò, pa genyen tabak ditou, men nan dezye seksyon kominal la se Tè mouskadil.
Yo Transfòme yon konpayi tabak nan pòtoprens. Se jou Jedi ki gen mache piblik men, mache a ouvri nan lòt jou yo nan semèn nan.
Pi gran mache nan depatman se nan Kas, li sitiye nan katrièm seksyon kominal (Hoye) toupre Laskawobas, se jou Lendi ki gen mache
Men kòmèsan yo soti nan kapital Repiblik dominikèn nan, gen sa ki soti anba plato ni anwo plato pou yo fè echanj ekonomik.
Nan Tomonn moun kap travay tè yo kiltive viv anpil tankou: manyòk, patat, pitimi, pistach, mayi, bannann, pistach.
Majorite nan moun Tomonn yo se Katolik, kwayans yo se nan komin nan, gen nan yo ki vodouyizan, gen yon pati ki pwotestan tankou Wesleyèn , batis.
Advantis, Pannkotis ak Temwen Jewova.
Tomonn pat frape nan tranblemanntè a, ni yo pat viktim nan dezas natirèl sa men, yo te sibi anpil konsekans paske anpil moun ki tap viv Tomonn t ap viv Pòtoprens te mouri kite anpil timoun san manman oubyen san papa e gen paran kite gen pitit yo mouri tou.
komin Tomonn rich nan kesyon dlo, dlo yo travèse tout seksyon kominal yo, genyen rivyè tankou: tomonn, gwayav, felisyann, èlbay epi sous ti frèt kote wap jwenn dlo pandan tout ane a e genyen ravin tou kote se yon pati nan ane a wap jwenn dlo ladan yo tankou: ròch blanch,konponyon, kanperat.
komin Tomonn gen anviron 137 sous dlo pou twa(3) nan kat(4) seksyon kominal yo, savanèt Kabral genyen 41, Tè mouskadil genyen 50 epi Baytourib genyen 48