Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon an Ayiti oubyen MINUSTAH, se yon misyon pou lapè ke ONI voye an Ayiti depi nan lane 2004. MINUSTAH sou zòd lame peyi Brezil.
Nan mwa me2008, fòs la te gen yon total de 9 055 pèsonèl ak inifòm, 7 174 sòlda ak 1 881 polisye, ak volontè ONI.[1]
Jan manda Konsèy Sekirite Nasyon Zini an, MINUSTAH dwe itilize resous li yo, pou bay sekirite ak pwoteksyon pandan peryòd elektoral la, epi ede eta de dwa, sekirite piblik ak lòd piblik an Ayiti.
[2]
MINUSTAH te kreye aprè rezolisyon 1542 ke Konsèy Sekirite Nasyon Zini te pran nan dat 30 avril2004, paske li te konsidere ke sitiyasyon peyi Ayiti nan epòk sa te reprezante yon menas pou lòt peyi nan zòn nan.[3]
Sou 15 desanm2004, kas ble ONI an te debake Site Solèy nan yon efò pou yo te ka pran kontwòl zòn nan epi mete lapè.[4]
Nan lane 2004, òganizasyon nan defans dwa moun te akize MINUSTAH ak Polis Nasyonal Ayiti nan patisipasyon nan plizyè zak sou sivil.[5],[6].
Aprè ONI te fin nye plizyè fwa patisipasyon li nan krim kont sivil yo, te anonse, sivil yo te ka asasinen, men se pa yon bagay ki te fèt avèk entansyon, e sa te rive nan efò y'ap fò pou fini ak fenomèn gang lan. Yo te di tou, ONI ak MINUSTAH regrète lanmò sivil sa yo pandan operasyon an.
[7],[8].
Nan kòmansman lane 2005, lyetnan jeneral Augusto Heleno Ribeiro Pereira kòmandan MINUSTAH, pandan li te ap patisipe nan yon reyinyon nan Kongrè peyi Brezil, te anonse ke kominote entènasyonal la ap mete presyon sou yo pou yo fè vyolans, li te site Kanada, Lafrans, ak Etazini.
[9]
Aprè lanmò Bacellar, yo te nonmen jeneral Eduardo Aldunate Hermann ki sòti nan peyi Chili.
Nan dat 17 janvye2006, yo te anonse ke jeneral brezilyen José Elito Carvalho de Siqueira te a pral ranplase Bacellar nan tèt ONI an Ayiti.[11]
Nan dat 14 fevriye2006, aprè rezolisyon 1658 Konsèy Sekirite Nasyon Zini te pwolonje manda MINUSTAH pou dat 15 out2006.[12]
MINUSTHA se premyè misyon nan zòn nan, ke militè brezilyen dirije, ak prèsk tout sòlda yo soti nan Amerik Latin, pami peyi sa yo nou jwenn, Ajantin, Chili, Bolivi, Ekwatè ak Irigwe.[13] (nan anviwon 900 sòlda)
[14]). Depi 1e septanm2007, Tinizyen ki rele Hédi Annabi pran tèt MINUSTAH.[15].
Nan mwa jiyè2004, Asanble Jeneral la te bay lòd pou finanse misyon an ak 200 milyon dola
[19], sa ta pral mennen youn konferans ak donatè yo nan vil Washington, D.C.[20].
Yo te depoze premye rapò sou aktivite MINUSTAH a nan mwa out.[21].
Nan mwa septanm, prezidan pwovizwa a te pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an, pou l' te ka konfime sipò li ak MINUSTAH
[22].
Nan novanm, yon dezyèm rapò te kreye[23], ak manda Konsèy Sekirite MINUSTAH[24].
Konsèy Sekirite a te pwolonje manda MINUSTAH pou lane 2008[25].
18 janvye 2010, aprè tranbleman de tè a, rezolisyon 1908 Konsèy Sekirite ONI a, deside ke MINUSTAH dwe gen 8 940 militè, ak yon polis ki gen 3 711 ajan.
Menm si MINUSTAH rive nan peyi a depi 2004, jis nan lane 2007, li t'ap lite ak gang. Yo kontwole antre bidonvilSite Solèy la, yo bloke wout la ak gwo machin blennde[26]. Nan janvye 2006, de sòlda jòdanyen te jwenn lanmò yo nan Site Solèy.[27] Nan mwa oktòb 2006, yon gwoup polisye Polisye Nasyonal Ayiti a ak gwo zam lou te rantre nan Site Solèy pou premye fwa depi 3 lane e yo te rete pou inèdtan ak twoup MINUSTAH pou mennen patwouy nan zòn nan. Katye sa, sèvi kachèt pou bandi yo al sere moun yo kidnape.[28] Anvan nwèl 2006 lan, fòs Nasyon Zini yo te anonse ke yo ta pral' pran poszisyon ki pi sevè kont manm gang yo nan Pòtoprens.
Prezidan René Préval, deklare ke si « pèp Ayisyen an ta mande pou MINUSTAH kite peyi a, li t'ap di wi».[29]
Nan mwa avril 2008, Ayiti te konnen yon gwo kriz alimentè ak gouvènmantal, peyi pat' estab paske Palman an te echwe nan rektifikasyon youn Premye minis. Te gen anpil anpil dezòb, ki te fè sòlda ONI yo te tire bal cawotcho.[30] Chèf MINUSTAH a te mande pou youn nouvo gouvènman pi vit ke posib. Pandan tan sa, ONI bay èd manje.[31]
Misyon de estabilizasyon Nasyon Zini an nan peyi Ayiti se sèl misyon militè enpòtan Nasyon Zini ki rive nan yon peyi ki gen konfli entèn san ke pa gen akò la pè ki siyen ant pati politik yo.[40]. Anpil moun panse ke MINUSTAH se yon plam Etazini, Kanada ak La Frans pou yo te ka mete Prezidan popilè ki te eli demokratikman an Jean-Bertrand Aristide, pou yo ka afebli patizan Fanmi Lavalas li yo, ak pou bay sekirite gouvènman Gérard Latortue a ke oksidan te mete nan plas li. Nan lane 200, youn rapò siyen pa Harvard Law Student Advocates for Human Rights montre a klè ke fòs ONI a gen pou objektif kouvri zak asasinay kap fèt nan bidonvil ki nan Pòtoprens yo [41], kote nou jwenn anpil patizan Aristide ak Fanmi Lavalas.[42]
Nan dat 6 jiyè2005, MINUSTAH debake Site Sòley pòt pawòl MINUSTAH a afime que yo te vin dèyè youn gwoup gang ki te gen nan tèt li Dread Wilmé. Daprè kèk sous pwòch Lavalas. ak kèk jounalis tankou Kevin Pina, yo anonse ke MINUSTAH te vinn kraze sivil ki t'ap sipòte ansyen chèf leta peyi Ayiti a Jean-Bertrand Aristide, anvan eleksyon yo te komanse. [43].
Daprè estimasyon sila yo ki t'ap defan kòz ke ta sanble MINUSTAH te vinn touye patizan Aristide yo avan eleksyon fè, da gen 5 a plis que 80 moun ki mouri. Te gen anpil divèjans sou dekwa ta gen ajan MINUSTAH ki ta mouri, men tout moun te dakò ke Dread Wilwé te mouri nan oprasyon an. Pòt pawòl MINUSTAH te rele Dread Wilmé « gangster ». Men lòt ta konside l' tankou dirigean ak youn mati
[44]
Fanmi Lavalas, se pi gwo pati politik ak mouvman popilè an Ayiti, pandan yo t'ap patisipe nan antèman Pè Gérard Jean-Juste, nan dat 18 jen anpil kout zanm te tire pou yo te ka gaye manifestasyon an, anpil moun ki la, di ke se sòlda brezilyen ki te tire a, paske yo te vle arete youn nan manifestan yo. ONI te voye jete tout akizasyon sa yo e yo di ke moun nan te mouri apre kèk moun nan manifestasyon an ta tire kout wòch. [45].
Youn pwosè ki ta enplike batayon brezilyen an nan fòs MINUSTAH, ap dewoule nan La kou entèamerikèn dwa moun (CIDH). Se avoka Mario Joseph k'ap travay nan Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) ak Brian Concannon k'ap travay nan Institute for Justice and Democracy in Haiti (IJDH), y'ap defann Jimmy Charles, ki se youn militan ke yo te arete nan lane 2005. Men kèk jou aprè, you te jwenn kadav li nan mòg plen ak tou bal. [46] BAI te pote plent devan tribinal ayisyen yo, men sa pat' pote okenn rezilta, se sak' fè nan kòmansman lane 2006, yo te pote ka douvan CIDH, men CIDH aksepte ka leta Ayisyen an, men li bay pa Brezil la do.[47]